
Victor ap travay ak FKO depi 6 ane. Li te kòmanse kòm Lidè Gwoup, apre sa li te vin Asistan Direktè Sit, e kounye a li se Direktè Sit! Dezir, detèminasyon ak sousi sensè Victor genyen pou tout timoun yo gen yon gwo enpak sou anpil moun. Ou toujou wè l ak yon souri nan figi l e li toujou ap fè plis pase sa yo mande l pou l kreye relasyon ki gen sans ak timoun yo ak anplwaye yo. Nan tan lib li, Victor renmen fè espò epi aprann nouvo lang. Li se yon gwo atou pou ekip FKO a, e nou kontan anpil pou nou wè l reyisi nan wòl sa a!
Evèt /